Sant Apèl 做厙TV a ofri sèvis nan plis pase 175 lang, gen ladan Kreyòl Ayisyen. Nou itilize yon sèvis entèpretasyon pou ede nou pale ak moun ki ap rele yo nan lòt lang ki pa Anglè.
Pou jwenn èd 做厙TV an Kreyòl Ayisyen:
- Si ou andedan vil New York: Konpoze 311
- Si ou deyò Vil New York, tankou entènasyonal: Konpoze +1-212-639-9675
Lè ou rele 做厙TV, yon sistèm otomatik ap reponn apèl ou a an Anglè. Pandan yon 10 segond aprè anrejistreman kòmanse, ou ap tande yon lis opsyon lang diferan. Pou Kreyòl Ayisyen, peze 8 pou pale ak yon reprezantan.
Reprezantan ap mete yon entèprèt ki pale Kreyòl Ayisyen sou liy lan. Entèprèt la ap ede ou menm ak reprezantan pale youn ak lòt.